image

Madmax Feat Belo ( CHANPYON ) LYRIC


Madmax Feat Belo ( CHANPYON ) LYRIC

[Belo Bridge] 
Gen de jou w' leve w' pa we anwo anba 
Wap mache chachew bout pen alòs ke w gen manba 
Gen sak pa malere men ki chaje traka 
Belo B MadMax diw depi wap viv wap gen koup la 

[Belo Refren] 
Paske nou se chanpyon. Chanpyon 
Toutotan wap respire, rev ou ka reyalize 
Nou se chanpyon. Chanpyon. 
Espere mete chapo, depi tet la pa koupe. 
Fow pouswiv rev ou l' gran, e fow tre pridan 
Fow mete gan pou travay lavi paske l' plen pikan 
Rekonet ou se chanpyon ou pa dwe jwe pedan 
Pou rete sou chimen sikse a pa gen griyen dan 

[MadMax Verse 1] 
Moneytalk 
Se an dizwisankat wi m'sonje 
Ke chanpyona klotire 
Kote tout kouch sosyal te ini e koup la n'te leve 
Wi nan listwa sa rete premye pèp nwa libere 
Na memwa n' Gade trofe n' poun toujou fè le mond sonje 
Nou se chanpyon wi san nou pat favori 
Ayisyen ann lite pou nou reprann tèt klasman wi 
Nan tanperaman nou l ye sinon n pa tap rive kwape 
Premye pisans mondyal nan epòk kolonyal nou te ye 
E oumenm andikape 
Chache w' mwayen pou mache 
Sou chimen la viktwa avek konfyans byen detemine 
Se pa ret chita gade ap mande kot sa prale 
Se nou k' kaptenn bato desten n 
Ann pran vwalye n pou nou lage. 

[Belo Refren] 
Paske nou se chanpyon. Chanpyon. 
Toutotan wap respire, rev ou ka reyalize 
Nou se chanpyon. Chanpyon. 
Espere mete chapo, depi tèt la pa koupe. 
Fow pouswiv rèv ou l' gran, e fow tre pridan 
Fow mete gan pou travay lavi paske l' plen pikan 
Rekonèt ou se chanpyon ou pa dwe jwe pèdan 
Pou rete sou chimen siksè a pa gen griyen dan 

[Belo Bridge] 
Gen de jou w' leve w' pa we anwo anba 
Wap mache chachew bout pen alos ke w gen manba 
Gen sak pa malere men ki chaje traka 
Belo B MadMax diw depi wap viv wap gen koup la 

[MadMax Verse 2] 
Menm lè jodi a w' pa bon nan tay ou mete kanson w' 
Pase men nan tèt rèv ou revye l' ak motivasyon 
Fòk nou konsyantize yon frè kap betize 
Paske youn pou tous tous pou youn se deviz ekip li ye 
Pa ret kwè moun ap fè pou ou se ou k' pou chache pran kab ou 
Lew san objektif ou ka ap mache men ou mouri debou 
Ti machann kap vann dlo kap vann pistach moun kap travay nan faktori 
Fè edikasyon pitit yo malgre kòb yap fè a piti 
Gen moun ki we nwa pandanl sonnen midi 
Koz nan dife li met pwa san li poko wè diri 
Yeah li just aji ak lafwa paske se sa Bondye di 
An tan ke chanpyon l' bwase lari a se sa Belo di. 

[Belo Refren] 
Paske nou se chanpyon. Chanpyon. 
Toutotan wap respire, rev ou ka reyalize 
Nou se chanpyon. Chanpyon. 
Espere mete chapo, depi tèt la pa koupe. 
Fòw pouswiv rèv ou l' gran, e fòw trè pridan 
Fòw mete gan pou travay lavi paske l' plen pikan 
Rekonèt ou se chanpyon ou pa dwe jwe pèdan 
Pou rete sou chimen siksè a pa gen griyen dan