image


LYRICS "ABSANS OU"

Rayy Raymond 

 

Absans ou toumante m'

Je m'ennuie de toi

 

[VERSE I]

Lè w' pran m' nan bra w' tandreman

Kò w' atire mwen tankou leman

Sa fè depi m' avè w' 

M' pa ta vle pou nou janm detache

Lè w' nan lari m' ap priye pou ou vini

Mwen pa ka tann

 pou m' makonnen avè ' w

Ti cherie mwen

Se lè w' souri avè m' 

Mwen santi m' byen

Mwen jwenn nan ou 

Sa anpil moun pase vi y' ap cheche byen lwen

Maten, midi e swa

M' vle w' toujou la

Paske

 

[CHORUS]

Absans ou toumante m'

Lè w' pa la l' domine m'

Je m'ennuie de toi 

Absans ou toumante m'

Lè w' pa la l' domine m'

J'ai besoin de toi 

 

[VERSE II]

Gen moun ki wè 

Sak ap pale yo di m' trò tizè

Men se konnen yo pa konnen

Anpriz lanmou w' genyen sou mwen

Jan ou chanje vizyon

Nan vi mwen ou se gidon

G' anpil lòt k' eseye 

Men k' pa rive rivalize w'

Chak fwa nou fè l' li nouvo pou mwen

Kite m' di w' baby kisa ou vo pou mwen

Mwen pa anvi pase menm yon segond

San ou pa bò kote mwen

 

[CHORUS]

Absans ou toumante m'

Lè w' pa la l' domine m'

Je m'ennuie de toi 

Absans ou toumante m'

Lè w' pa la l' domine m'

J'ai besoin de toi 

 

[SOLO INSTRUMENTALS]

 

[BRIDGE]

Gen de fwa lè ou renmen 

Ou ka menm bay sa w' pa genyen

Menm si l' pa g' on dola 

Ou pa deranje, pito l' la

Si w' jwenn chans yon moun renmen ou

Ki bliye tèt li pou ou

Kenbe l' di paske gon lòt k' ap tann ou pèdi l' pou l' anvayi l'

 

[SOLO INSTRUMENTALS]

 

[BRIDGE 2]

Kenbe'm pa lage

(Kenbe)

Rete bò kote'm

(Kenbe)

Cheri dòlote'm

Cheri an mwen, doudou an mwen

(Kenbe)

Kenbe'm pa lage

(Kenbe)

Rete bò kote'm

(Kenbe)

Cheri dòlote'm

Kenbe'm pi fò bb..

 

[CHORUS]

Absans ou toumante m'

Lè w' pa la l' domine m'

Je m'ennuie de toi 

Absans ou toumante m'

Lè w' pa la l' domine m'

J'ai besoin de toi