image


Eske lakay vin bon

1

Ou pa tande w’pa wè

si’m ta di’w pap kwè

bagay sa yo vye frè’m

mwen prete lajan pou’m ale Brezil

pou’m al chèche lavi

pase m’pase maswife

jiskaske’m rive

pase yo pase’m anba pye

pou ti kras manje

paske lakay pa bon (x2)

li pa bon(x3)

paske lakay pa bon

2

mwen fè tout sa’m kapab pou’m kite Brezil

pou’m al Etazini

vye frè’m yo mouri nan tout wout y’ap peri

mwen rive Californie

Se vre yo mete’m nan prizon m’pa menm ka manje

Et  mesye a vin prezidan li di’l pral depòte’m

èske lakay vin bon(x2)

s’il vin bon(x3)

èske lakay vin bon

(Bridge)

se vre m’anvi ret nan peyi’m

pou’m itil li ak talan’m

mwen eseye yo neglije’m m’oblije ale

Chorus

yo mache sou fyète’n pase’n anba pye

eske lakay vin bon

yo mache sou fyète’n mache sou drapo’n

eske lakay vin bon Stevenson Ducinvil